top of page
Amitie fm.png

MENFP pran sanksyon kont anplwaye ki enplike nan zak koripsyon pou manipilasyon nan zafè legalizasyon diplòm ak sètifika

  • Photo du rédacteur: Amitié FM
    Amitié FM
  • 9 juin 2024
  • 1 min de lecture

Ministè a deside sispann anplwaye sa yo epi fè suivi pou jwenn revokasyon yo.


Desizyon sa a vini apre rapò ki soti nan Direksyon Afè Jiridik (DAJ) ak plent izaje ki depoze kont anplwaye yo, ak verifikasyon sou akizasyon zak koripsyon sa yo.


Enspeksyon Jeneral Edikasyon pral apwofondi ankèt la, ak kolaborasyon DAJ, pou idantifye tout lòt moun ki ta enplike.


MENFP raple piblik la se sèlman yon resepise pou achte nan DGI pou chak dokiman y ap legalize anndan Ministè a. Pa gen okenn frè anplis pou sèvis sa a.


Ministè a deja pran plizyè mezi kont koripsyon, tankou fèmen biwo nan Babiole epi ofri sèvis legalizasyon anliy.


Ministè a ankouraje tout moun pote plent kont endividi k ap mande kòb pou bay sèvis ki pa mande frè. Moun ka rele nan Sant apèl Ministè a pou bay doleyans nan nimewo sa yo: +509 31267519 / +509 47204375.

Fritz Laventure

Radio Amitié 104.7 FM

Comments


Abonnez-vous à notre newsletter

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram

Merci pour votre envoi !

© 2024 Amitié FM - Tous droits réservés

bottom of page