top of page
Amitie fm.png

MENFP mande direktè lekòl yo pou finalize enskripsyon an liy kandida yo pou egzamen 9yèm ane fondamantal la

  • Photo du rédacteur: Amitié FM
    Amitié FM
  • 23 mai 2024
  • 1 min de lecture

Nan yon nòt ki pibliye sou paj fesbouk, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) mande tout direktè lekòl pou yo ranpli fòmalite yo pou fini enskripsyon kandida yo nan egzamen 9yèm ane fondamantal la.


Ministè a raple tout direktè lekòl yo ke yo dwe pran dispozisyon sa yo: Peye frè enskripsyon pou chak elèv ki pral patisipe nan egzamen 9yèm AF. Montan a se 1000 goud pou chak kandida. Direktè yo dwe pote fich pèman a nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE), epi sa ap otorize lekòl la finalize oubyen validé enskripsyon yo sou platfòm an liy Ministè a


Se responsabilite direktè yo pou yo founi lis kandida ki valide nan lekòl yo bay Direksyon depatmantal la.


Peryòd pou finalize enskripsyon kandida yo nan egzamen 9yèm ane yo pral kòmanse 22 me ak pral fini 14 jen 2024.


Menfp mande tout direktè lekòl yo pran tout mezi nesesè prese prese pou ranpli fòmalite yo nan tèt kole ak Direksyon Depatmantal Edikasyon nan zòn yo.


Ministè a ankouraje tout lekòl yo respekte dispozisyon sa yo pou asire bon fonksyonman egzamen yo epi pèmèt elèv yo kontinye avanse nan fòmasyon yo.


PLR

Radio Amitié 104.7 FM

Commentaires


Abonnez-vous à notre newsletter

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram

Merci pour votre envoi !

© 2024 Amitié FM - Tous droits réservés

bottom of page