top of page
Photo du rédacteurAmitié FM

Dat finisman enskripsyon obligatwa anliy pou elèv ak pwofesè yo ranvwaye pou 12 avril k ap vini la

Nan yon kominike li mete deyò jodi lendi 25 mas la, ministè Edkisayon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl anonse li ranvwaye jiska 12 avril k ap vini la, dat limit li te bay pou enskripsyon anliy lis fòmasyon klas elèv yo ak lis pwofesè yo sou sit entènèt ministè a.


Dat finisman enskripsyon an ki te fikse pou 15 mas 2024 pou lane akademik lan, ranvwaye pito pou 12 avril k ap vini la, dapre MENFP. Desizyon sa a pran nan lide pou ministè a

vanse pi byen ak nimerizasyon e dijitalizasyon tout done sou lekòl yo nan peyi a, epi tou pou " reponn ak plizyè demann direktè lekòl yo ki vle benefisye yon dènye delè nan kesyon anrejistreman anliy lan".


Dapre enfòmasyon MENFP pataje sou paj ofisyèl li: 17 mil 618 lekòl, 1 milyon 811 mil 123 elèv ak 61 mil 669 pwofesè gentan

kontribye nan operasyon enskripsyon anliy lan pou kounya. Done sa yo, dapre ministè a, montre ke se anviwon 50 % nan elèv yo ki deja anrejistre epi " otomatikman ( ki) gen nimewo Idantifikasyon eskolè inik, ki obligatwa pou enskripsyon kandida lekòl yo nan egzamen Leta yo".


Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ki remèsye tout ajan edikatif yo fè konnen nan kominike an ke " travay sa a enpòtan pou kore Sistèm edikasyon an, sitou nan jwenn bon jan done rapid sou Sistèm enfòmasyon ak jesyon edikasyon an ak pwoteksyon achiv eskolè yo ki menase nan jou ki sot pase yo, ak zak kraze brize oubyen okipasyon sèten biwo MENFP ak plizyè lekòl". Nan kominike li mete deyò a, MENFP raple ke done sa yo enpòtan anpil pou sistèm edikatif la. Denye resansman sou zafè lekòl te fèt depi nan lane 2016, selon sa li di.


" Nimewo Idantifikasyon Eskolè Inik la ap garanti « trasabilite » pakou chak elèv ak etidyan, soti nan lekòl preskolè rive nan inivèsite, epi tou fasilite pou jwenn relve nòt ak diplòm atravè biwo MENFP yo ak platfòm anliy lan". Anplis, selon MENFP, sa " pral pèmèt tou lòt operasyon fèt ant ministè a ak lekòl yo nan Repiblik la".


Ministè Edikasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl presize pi lwen ke nan finisman ane akademik 2023-2024 la, lekòl yo ap gen responsabilite pou fè deklarasyon Desizyon fen ane a anliy sou platfòm MENFP a. " Desizyon sa a ap gen ladann relve nòt final chak elèv", dapre sa nou kapab li nan kominike a.

Ralph Thierry Cadet

37 vues0 commentaire

Comments


bottom of page